- Vejetab
- Fèy moun kapab manje paske yo bon nan boush, yo bon pou sante e yo pa fè moun malad. Moun fè legim avèk anpil vejetab.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Legim — Vejetab. Yon bagay moun prepare avèk vejetab, vyann, kawòt, lwil pou akonpaye yon manje ayisyen tankou mayi moulen, diri, ansanm avèk pwa, sòs pwa e latriye … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Ble — Yon koulè ki sanble avèk koulè syèl la, koulè yon basen dlo. Ble maren, Yon koulè ble ki prèske nwa. Yon vejetab fèmye kiltive nan peyi Etazini e yo fè farin avèk li … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Leti — Yon vejetab, fèy vè yon plant moun manje pou salad … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Militon — Yon vejetab ki gen anpil dlo nan nannan li e ayisyen itilize pou fè legim, bouyon … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Mitonnen — Frape yon bagay sou yon vejetab, yon legim pou kraze li. Kraze bagay pou fè yon legim … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Shou — Yon vejetab ki bon pou mete nan bouyon e legim. Yon pati nan pye palmis ki kouvri avèk anpil tash. Tash ki poko rèk pou parèt deyò. Ti gou sikre li genyen an fè li fè bon legim tou … Definisyon 2500 mo Kreyòl